0 Meanings
Add Yours
Follow
Share
Q&A

La Pli Lyrics

Lapli pa janm sispann tonbe
Lèzòm ava toujou reve
Pran kouraj leve tèt gade
Syèl ble move tan pare
Ya va konprann se tout bon vre

Nou apiye sou w ti bwa joumou
Mwen pa ta ka pèmèt mw di ke nou fou
Maladi pa bon men dyòl pa gou
Syèl ble move tan pare
Ya va konprann se verite

M pap janm pi mal o
M ap toujou pi byen o
Mezanmi menm si m mande charite
Nan pye fanmi m yo
M grangou m pa san mange
M touni m pa ka biye
Oun sèl pitit la ke m te rete nan kay la
Yo fè konplo yo voye l nan mache
Pou m ka pi mal o
M pap janm pi mal o
M ap toujou pi byen o

M ap evolye nan w ti sosyete
Jiska prezan ki pa ka konn ki sa l ye
Si l pwopriyetè ou si l demwatye
Car syèl ble move tan pare
Ya va konprann se tout bon vre

Yon ti van vante kap la monte
Se timoun nou ye se sa n te vle
Sa pa pi mal wi gras a Dye
Syèl ble move tan pare
Ya va konprann se verite
Song Info
Submitted by
lunes On Jul 29, 2015
0 Meanings

Add your song meanings, interpretations, facts, memories & more to the community.

Add your thoughts...
Questions and Answers

Ask specific questions and get answers to unlock more indepth meanings & facts.

Ask a question...