0 Meanings
Add Yours
Follow
Share
Q&A

Fil Arinyin Lyrics

Fil arenyen fè kou kenkay
Sou galeri mache anba
Nan lespri ti nèg rabòday
K ap bat labou l nan kwabosal
Sou tèt lan on kontredans fatal
Tout sa benefis pou gran kay

Fil arenyen kou grenn lapli
Sou do kay tòl nan ri timas
Ti nèg jwenn mwayen li dòmi
Ak kè poze repo despri
Kijan pou l fè konnen l nan di

- Se efo k pèdi
M pa kwè n ap janm rive jwenn ak satisfaksyon
- Men Manno m pa kwè
Menm si sa fè dezan depi verite se foli

Ann kenbe di pou n pa pèdi pari

Fil arenyen fè kou bijou
Nan ponyèt manzè esplafya
Frekan wi l frekan mezanmi
M konprann bèt sa a te pè fredi
Li jwenn mwayen l jouk a Paris
Pa gen kote k two gran pou li

Fil arenyen tankou zenglen
Li pa bezwen tann jedi sen
Pou l pase wè bos chaloten
L pap konn lannwit ni lajounen
Fenèt ak pot te mèt fèmen
Song Info
Submitted by
lunes On Jul 29, 2015
0 Meanings

Add your song meanings, interpretations, facts, memories & more to the community.

Add your thoughts...
Questions and Answers

Ask specific questions and get answers to unlock more indepth meanings & facts.

Ask a question...