0 Meanings
Add Yours
Follow
Share
Q&A
Timoun Lyrics
Ti moun suiv la pli k ap tonbe
Lafimen l eseye kenbe l
Moun k ap kouri mache pale
Li gen pou l grandi je wont je
Pou l tounen youn moun k ap panse
Dan la vi sa pou l deside
Ou byen l rete youn vanupye
Ou byen l mande ki sa k pase
Ki jan pou lavi avanse
Si l al lekòl youn fwa sou de
Fò l konnen ke dan le pase
Moun t ap mache ak tèt bese
Lan fouye chèche kesyone
Li fini pa aprann dè zide
Kòm dominan ak domine
Li ka fon w chwa pou mwen k serye
A pati de la wa jije
Sou ki kote ke l apiye
Pa bliye avan m te esplike
Ke l al lekòl youn fwa sou de
Sa vle di l lan kan domine
L ap evolye lan w sosyete
Move lide sèl kòk chante
Se fasil pou tèt li vire
Si maman l t ap peze kafe
Si papa l rele Dyedone
Yo fè l santi ke l aryere
Men lide boujwazi pote
Ke nou menm nou vle depase
Se la dwat kont li pou n lite
La dwat zanmi sa son w danje
Kèlkeswa kote ke li ye
Toujou pran l pou lenmi jire
Anndan kou peyi etranje
Se youn sèl bagay li fikse
Leksplatasyon a bon mache
Pa konprann n ape betize
Yo fè reyinyon pou frape
Nan bèl restoran sou Broadway
Papye a la men non site
Patriyòt kape denonse
Enjistis k ap fèt lòt kote
Kayiman kwè se mouch nou ye
Li ouvè dyòl li ak dlo nan je
Li konprann ke nou pral poze
Fò dimanch ka di sa k pase
Si m ap manti si m ap ranse
Si n vle gen non mwen ka site
Konminezon fèt tout kote
Lakay lan peyi etranje
Depi se la dwat k ap frape
Moun k ap di se ayisyen yo ye
Enterè yo wè an premye
Pa gen anyen yo ka regle
Ke yo ka regle se vòlè yo ye
Lafimen l eseye kenbe l
Moun k ap kouri mache pale
Li gen pou l grandi je wont je
Pou l tounen youn moun k ap panse
Dan la vi sa pou l deside
Ou byen l rete youn vanupye
Ou byen l mande ki sa k pase
Ki jan pou lavi avanse
Fò l konnen ke dan le pase
Moun t ap mache ak tèt bese
Lan fouye chèche kesyone
Li fini pa aprann dè zide
Kòm dominan ak domine
Li ka fon w chwa pou mwen k serye
A pati de la wa jije
Sou ki kote ke l apiye
Ke l al lekòl youn fwa sou de
Sa vle di l lan kan domine
L ap evolye lan w sosyete
Move lide sèl kòk chante
Se fasil pou tèt li vire
Si maman l t ap peze kafe
Si papa l rele Dyedone
Yo fè l santi ke l aryere
Men lide boujwazi pote
Ke nou menm nou vle depase
Se la dwat kont li pou n lite
Kèlkeswa kote ke li ye
Toujou pran l pou lenmi jire
Anndan kou peyi etranje
Se youn sèl bagay li fikse
Leksplatasyon a bon mache
Pa konprann n ape betize
Yo fè reyinyon pou frape
Nan bèl restoran sou Broadway
Papye a la men non site
Patriyòt kape denonse
Enjistis k ap fèt lòt kote
Li ouvè dyòl li ak dlo nan je
Li konprann ke nou pral poze
Fò dimanch ka di sa k pase
Si m ap manti si m ap ranse
Si n vle gen non mwen ka site
Konminezon fèt tout kote
Lakay lan peyi etranje
Depi se la dwat k ap frape
Moun k ap di se ayisyen yo ye
Enterè yo wè an premye
Pa gen anyen yo ka regle
Ke yo ka regle se vòlè yo ye
Add your song meanings, interpretations, facts, memories & more to the community.