0 Meanings
Add Yours
Follow
Share
Q&A

Reyinyon Konbit Lyrics

N ap rele o lo loy woy woy
N ap rele wodo
N ap rele o lo loy
Ban m peyi mwen way o
N ap rele wodo

Reyinyon lan konbit la sa annile
A kòz de fèt ekselans la le premye
Woy way o woy woy
Majistra konminal pase lè zòd mmm
Kou w wè la brim di swa
Moun pa rasanble wo o o
Sitwayen lan kanton an
Leve kanpe di anmwe
Devan kazènn nan y anraje ho woy woy
N ap rele wodo

Reyinyon lan konbit la sa annile
Pou tèt fèt la penitans la
Premye me woy way o woy woy
Majistra konminal la pase lòd mmmm
Kou w wè la brim di swa
Moun pa rasanble woy o o
Ti jenn jan lan kanton an
Leve kanpe di anmwe
Devan kazènn nan libète woy

Afè demwatye sa son w malpwòpte
Rechany chire sa fòk sa chanje vre
Sonnen kòn lanbi a pou sa chanje
Kout ba lan mwa soupoudre sa
Fò l peye woy way o
N ap rele wodo

Malere lan kanton an leve gade
Chak lanne se menm chanson an
Sa sa yo woy way o woy woy
Kapital tou limen chato tout koulè mmmm
Bèl diskou an franse
Bò bounda l kreve wo wo wo
Afè pake rad sal la fòk sa lave
Nechèl ak plizyè mach pye sa
Fò l kreve woy woy woy woy woy
N ap rele wodo
Song Info
Submitted by
lunes On Sep 11, 2014
0 Meanings

Add your song meanings, interpretations, facts, memories & more to the community.

Add your thoughts...
Questions and Answers

Ask specific questions and get answers to unlock more indepth meanings & facts.

Ask a question...