0 Meanings
Add Yours
Follow
Share
Q&A

Legzil Lyrics

Legzil se youn konsta li ye
Se youn sèn pou bèl pyès teyat jwe
Pou plè lot sosyete
Kòm chak sèn yo fèt pou montre
Rèv lòm pat ka reyalize
Lò l tap trime

Trennen wont plen kay kwak gen bezwen
Entre nous ça va on fait le point
Sou do pèp ki pa janm gen anyen
Vwa pou l ta gen mwayen
Nou pap wont di nou menm ke nou se chyen
Nou lan youn klas ki chaje ak voryen
Moun ki pap ezite pou youn ti yen fè tenten

Sipò peyi sivilize
Ap sèvi pitit charite
Pou pale bèl franse
Lè tèt chaje fè li bliye
Kote kòd lonbrik li antere a
Fòk sa chanje

Trennen wont plen kay kwak gen bezwen
Entre nous ça va on fait le point
Sou do pèp ki pa janm gen anyen
Vwa pou l ta gen mwayen
Nou pap wont di nou menm ke nou se chyen
Nou lan youn klas ki chaje ak voryen
Moun ki pap ezite pou youn ti yen fè tenten

Kolonize l pap deranje l
Kontra sa pa bezwen papye
Se toujou sa l panse
Men desten pèp kote w pase
Sa se youn bagay arete
Fòk se lan men l pou l ye

Kòboy ak tyoul anba bèl antre
Sa fout sòt pi mal ke anba pla pye
Yo iyore ke moun pa deside
Pou pèp nenpòt sa l vle
Lite menm si sa va pran dè zane
Se sa k priyè peyi sou devlope
Jou l deside li di ke sètase fò l libere
Jou l deside li di ke sètase fò l libere
Jou l deside li di ke sètase fò l libere
Song Info
Submitted by
lunes On Sep 11, 2014
0 Meanings

Add your song meanings, interpretations, facts, memories & more to the community.

Add your thoughts...
Questions and Answers

Ask specific questions and get answers to unlock more indepth meanings & facts.

Ask a question...