0 Meanings
Add Yours
Follow
Share
Q&A
Alyenkat Lyrics
Imigrasyon tenten
Met men man kòlèt mwen
Li di w pa sitizan
Li di m where is mwen di l what
Li di m votre alyenkat
Yo kraze yo touye
Yo mete oun bèf sele
Sa ki fè mwen sove
Jodi ya m sou bwòde
Yo tout te rele bare
Mezanmi mezanmi di mwen
Lò panyòl debake lò endyen pran fè bak
Eske Christophe Colomb te gen alyenkat
Eske Christophe Colomb te gen alyenkat
Mezanmi mezanmi di mwen
Lò fransè debake avan dizuisankat
Eske Sonthonax te gen alyenkat
Eske Sonthonax te gen alyenkat
Mezanmi mezanmi di mwen
Lò yo te sal drapo m ak malpropte kapten Bach
Eske bato alman an te gen alyenkat
Eske bato alman an te gen alyenkat
Mezanmi mezanmi di mwen
Pandan lokipasyon lò moun yo touye Peralte
Eske ameriken te gen alyenkat
Eske ameriken te gen alyenkat
Lakay yo chire po n
Isit yo kraze zo n
Toupatou yo sèl wa
Se pa nou k sou do bèf la
Se bèf la ki sou do nou
Men yon jou w ti kakat
Gen pou l tounen w gwo chat
Pou w lot dizuisankat
Mitrayèt va fè krak
Meriken va fè bak
Lè sa nan simityè pap gen alyenkat
Lè sa nan simityè pap gen alyenkat
Lè sa nan simityè pap gen alyenkat
Met men man kòlèt mwen
Li di w pa sitizan
Li di m where is mwen di l what
Li di m votre alyenkat
Yo kraze yo touye
Yo mete oun bèf sele
Sa ki fè mwen sove
Jodi ya m sou bwòde
Yo tout te rele bare
Mezanmi mezanmi di mwen
Lò panyòl debake lò endyen pran fè bak
Eske Christophe Colomb te gen alyenkat
Eske Christophe Colomb te gen alyenkat
Mezanmi mezanmi di mwen
Lò fransè debake avan dizuisankat
Eske Sonthonax te gen alyenkat
Eske Sonthonax te gen alyenkat
Mezanmi mezanmi di mwen
Lò yo te sal drapo m ak malpropte kapten Bach
Eske bato alman an te gen alyenkat
Eske bato alman an te gen alyenkat
Mezanmi mezanmi di mwen
Pandan lokipasyon lò moun yo touye Peralte
Eske ameriken te gen alyenkat
Eske ameriken te gen alyenkat
Lakay yo chire po n
Isit yo kraze zo n
Toupatou yo sèl wa
Se pa nou k sou do bèf la
Se bèf la ki sou do nou
Men yon jou w ti kakat
Gen pou l tounen w gwo chat
Pou w lot dizuisankat
Mitrayèt va fè krak
Meriken va fè bak
Lè sa nan simityè pap gen alyenkat
Lè sa nan simityè pap gen alyenkat
Lè sa nan simityè pap gen alyenkat
Add your song meanings, interpretations, facts, memories & more to the community.